©️ A509 | Sosyete a t ap kontan anpil si ta gen yon rapò Sou Direksyon Normil Rameau kòm Direktè Jeneral PNH (19 jen 2024 – 8 dawout 2025).
1. Eta jeneral PNH pandan manda a
– Konbyen komisarya ki te fonksyone nòmalman ?
– Konbyen ki te fèmen, swa akoz menas gang, mank lojistik oswa degradasyon ?
2. Resous lojistik
– Materyèl resevwa (zam, machin, minisyon, ekipman kominikasyon…)
– Materyèl pèdi oswa detwi : anba atak, aksidan, neglijans
– Nivo entèvansyon entènasyonal oswa soutyen etranje
3. Rezilta operasyonèl
– Chef gang arete / elimine
– Gwo pwason arete (nivo nasyonal oswa entènasyonal)
– Konbyen chef gang ki kontinye opere san pinisyon?
– Zòn ki te rekipere vs zòn ki tonbe nan men gang
4. Resous Imèn
– kantite polisye ki rekrite pandan manda a
– Polisye ki mouri, blese oswa ki kite fòs lan
– Eta moral ak kondisyon travay ajan yo
5. Estrikti ak Gouvènans
– Kijan estrikti entèn PNH te fonksyone :
– Èske gen plis disiplin, kominikasyon, transparans ?
– Oswa, èske li te vin pi dezòdone ?
– Zafè kontra :
– Kontra logistik, kontra sèvis, achte zam…
– Èske sa te fèt ak transparans ?
– Èske gen prèv koripsyon oswa gabji ?
6. Defi ak Opòtinite
– Gwo difikilte :
– Mank mwayen ?
– Entèferans politik ?
– Menas sou lavi pèsonèl ?
– Gwo avantaj :
– Kolaborasyon entènasyonal
– Sipò nan sektè prive / popilasyon
– Inisyativ oswa estrateji ki te mache
7. Rekòmandasyon ak analiz pèsonèl
– Ki leson li tire ?
– Kisa li ta konseye pwochen DG a ?
– Ki vizyon li sou avni PNH la ?
👉🏼 Si ansyen DG Normil Rameau ta mete tout sa yo nan yon dokiman piblik, sa ta ede:
– Mete verite ak klarifikasyon sou direksyon li
– Bay nasyon an vizyon klè sou sa ki fèt ak sa ki pa fèt
– Fè kontwòl kalite sou fonksyònman PNH la
✍️_JM, 10 dawout 2025_
Illustration : ©️ Vant bef info
©️ Antenne 509 | A509
©️ PLUS QUE L’INFORMATION !
©️ Août 2025

