©️ A509 | Sektè prive ayisyen an, pi gwo pwazon peyi a, pi gwo barikad sou wout chanjman ak pwogrè peyi a.
Yon Sistèm Ki Planifye Peryòd moman twoub ak difisil Ayiti Ap Viv la
Jodi a, nou pa ka fèmen je sou reyalite a: yo kreye kondisyon pou gang yo pran nesans, devlope epi mete tèt yo nan plas Leta. Anpil nan politisyen yo pa sèlman koupab, men yo kite moun ki gen monopòl ekonomik lan pran yo pou timoun ki ret ak yo. Moun sektè prive sa ede gang yo enfliyanse desizyon politik yo pou yo ka mete moun pa yo sou tèt enstitisyon leta yo.
Chak fwa yon sitwayen ki rive nan tèt leta a ta leve vwa li pou denonse sitiyasyon an e tante chanje l, li sibi pèsekisyon, egzil, oswa li pèdi lavi l. Peyi a vin gen yon laperèz kote pèp la pè pale, kote pèsonn pa an sekirite, swa ou kouri swa ou mouri. Enstitisyon ki te ka defann enterè klas mwayèn ak pèp la kraze, sa ki louvri chemen pou plis dominasyon.
Gang yo vin tèlman ranfòse, yo depase yon nivo menm pa t ka imajine. Yo kontwole tout aspè nan lavi piblik la: wout, lekòl, mache, ak menm sèvis leta. Yo fè Leta pèdi tout dan li, e yo fè popilasyon an tonbe sou jenou.
Jodi a, nou gen n ap viv ak yon Leta ki pa fonksyone, men ki kontwole pa restavèk politik ki pa gen enterè man pèp la, souf yo kout. E se menm gran nèg sa yo ki vle pote solisyon a yon pwoblèm yo kreye ankò.Yo vle enpoze gwoup mèsenè pa yo pou konbat ensekirite yo te kreye ak pwòp estrateji pa yo. Dèyè pòt tounen devan kay e devan kay tounen dèyè pòt.
Pi mal ankò, Leta siyen akò pou mete resous Leta a nan men mesenè ak konpayi prive, san okenn avi popilasyon an, sektè òganize yo.
Yon moun pa bezwen li nan ti lèt fen pou konprann: solisyon pwoblèm nou pa pou demen.
Chanjman pap vini fasil. Li mande sakrifis, kouraj, epi san ki pou koule nan kan enmi chanjman yo. Pa pou plezi non, men paske libète ak diyite pèp la mande sa.
Se tan pou nou reveye, òganize n, epi mete ansanm pou fòse chanjman sa rive tout bon. Se pa etranje k ap vin sove nou. Se nou menm ki pou gonfle ponyèt nou, gonfle venn nou.
Seule la lutte libère !
✍️ JMSE, 16/8/25
Crédit photo : Shutterstock
©️ Antenne 509 | A509
©️ PLUS QUE L’INFORMATION !
©️ Août 2025

