Éditorial

Sanble Se Yon Meli-Melo San Fen

©️A509 | – Leta abandone kontwòl wout yo bay gang ame, ki vin enpoze peyaj ak taks sou popilasyon an, nan plas Leta.

Leta rele èd etranje pou reprann menm wout li te bay gang yo, epi kounye a se etranje ki pral enpoze peyaj la.

– Gwoup Dlo Nwa ap takse, peye tèt li, epi bay miyèt sa ki rete a bay Leta.

Pandan tout sa, Leta kontinye ranmase taks nan men pèp la pou finanse Lame ak Lapolis, ki te deja gen misyon pwoteje sekirite piblik.

Dlo Nwa ap peye taks lakay yo, epi sèvi ak lajan taks pèp ayisyen an pou fonksyone.

Sòlda ki soti nan lòt peyi yo ap touche salè ki sòti nan taks pèp ayisyen an, epi ap peye taks sou salè sa lakay yo.

– Kominote entènasyonal la ansanm ak Leta ayisyen peye yon lòt peyi pou voye sòlda, pou ede debouche wout yo, pou Leta ka rekòmanse kolekte taks. Men sòlda sa yo sèlman ap jwi lajan an, san yo pa regle anyen serye sou tèren an.

Pou konbat gang yo, men tout fòs ki mobilize:

– Lame

– Lapolis

– MMSS

– Mèsenè

– BSAP

– Brigad

– Elatriye…

Men anyen pa regle, epi lajan taks pèp la kontinye gaspiye.

Nan tout melanj sa a, pi gwo pèdan an se popilasyon an, ki kontinye peye taks, san l pa jwenn sekirite, jistis, ni devlopman an retou.

✍️ JMSE, 14/8/25

©️ Antenne 509 | A509

©️ PLUS QUE L’INFORMATION !

©️ Août 2025

Shares:
Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *