Politique

Kilè WILNER JOSEPH ta gentan chanje konsa ?

©️ A509 | KILÈ WILNER TA GENTAN TOUT CHANJE SA APRE 4 LANE ? Men sa Wilner Joseph te ekri nan moman Ariel Henry t ap feraye nan pouvwa.

YON EKSTRÈ : << Sa gen anviwon trèz (13) mwa depi doktè Ariel Henry pran fonksyon kòm Premye minis nan yon egzekitif yon sèl tète. Sa ki trayi lide fondalnatal Konstitisyon 1987 la.

Jodi a, chèf k ap layite kò 1 nan Primati a kenbe tout pouvwa Leta yo anba men li. Nanpwen pre-zidan. Nanpwen Palman kòdjòm nonplis pou kontwole aksyon gouvènman li a. Lajistis, bò kote pa I, pa vo kichòy. Gouvènans peyi a tounen yon galimatcha. Pa gen Chèf Leta, men gen yon Chef siprèm nan Primati a k ap koupe rache san l pa gen kont pou 1 rann pèsonn. Se yon pourwa k ap feraye dèyè do lalwa.

Pandan deblozay politik sa a ap vale teren, ensekirite ak krim ap gagannen pèp la lajounen kou lannwit, nan lari tankou anndan kay. Se gang ak deriv otoritè k ap fe lalwa. San okenn lejitimite, y ap tòtòt lavni jenn gason ak jenn fanm, krache sou lavi ak diyite moun epi fin dechèpiye ti resous pwatchokò sila ki te pase anvan yo te deja ravaje. >> SIC

Fraz sa paka itil an 2026 paske Wilner Joseph se gwo bwa nan Primati l ap ferarye ak Fils-Aimé nan menm fason lè Ariel Henry te la.

An nou prete fraz Wilner Joseph pou denonse deriv :  » Pandan deblozay politik sa a ap vale teren, ensekirite ak krim ap gagannen pèp la lajounen kou lannwit, nan lari tankou anndan kay. Se gang ak deriv otoritè k ap fe lalwa. San okenn lejitimite, y ap tòtòt lavni jenn gason ak jenn fanm, krache sou lavi ak diyite moun epi fin dechèpiye ti resous pwatchokò sila ki te pase anvan yo te deja ravaje. »

Sa w di nan sa Wilner Joseph : « Jodi a, chèf k ap layite kò 1 nan Primati a kenbe tout pouvwa Leta yo anba men li. Nanpwen pre-zidan. »…. « Gouvènans peyi a tounen yon galimatcha. Pa gen Chèf Leta, men gen yon Chef siprèm nan Primati a k ap koupe rache san l pa gen kont pou 1 rann pèsonn. Se yon pourwa k ap feraye dèyè do lalwa. »

Moman la sa pa di w anyen Wilner Joseph… W ap benyen nan pouvwa se toujou menm bagay la ou t ap denonse sou Ariel Henry, Alix Didier Fils-Aimé ap regle la…

✍️ Rédaction Antenne 509 et Analyse Média

Illustration :©️Primature HT
©️ Antenne 509 | A509
©️ PLUS QUE L’INFORMATION !
©️ Juin 2️⃣0️⃣2️⃣6️⃣

Shares:
Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *