Politique

NÒT POU LAPRÈS : Konvansyon Souverènn 2054

A509 | PM de Grenn Gòch – KEP Chanpwèl

Nan fen jiyè 2025 PM – KPT siyen kontra ak gwoup mèsenè meriken pou arimen gang yo e bay sekirite nan tout peyi an
5 milyon dola vèt chak mwa pandan 120 mwa.
Rezilta : zéro bare
Ata wout nasyonal yo te pwomèt ki tap la doudous a pati mwa dawout 2026, bobinn ,yo rete yon demi lanfè
Erik Prince ak mèsenè li yo ap fè touris nan Côte des Arcardins

  • 15 oktob 2025 PM – KPT an siyen yon kontra 24 milyon dola pou achte zam ak bal pou la polis.7 milyon fè fon .Si jounal Florid la Miami Herald pa te fè yon atik trè long sou koze sa 15 jou de sa, peyi an pa tap okouran Apènn yon ka nan zam debake mwa pase.
    PM ak minis la jistis. bèbè .Se lajan papa yo.
  • 15 desanm ane pase PM – KPT kouche yon kontra tèt chaje ak yon konpayi meriken pou konstwui 3 prison pou 85 milyon dola meriken
  • Leta ayisyen ap avanse 65 milyon e konpayi an 20 milyon
  • Answuit se konpayi an kap jere prison yl.Leta ap peye konpayi an 22 dola meriken chaj jou pou chak tèt prizonye
  • e fòk leta demele gèt li pou prizon toujou twa ka foul ak prizonye
  • se yon kontra pou 50 ané…kap koute peyi an 6 milya dola .Apre 50 tan leta ap achte prizon li te konstwui yo nan men konpayi a Pou yon nonm ki tap fè aprantisaj nan leta Alix Didier Fils Aimé debrouye l ase byen
  • 30 mas ane sa a 2026 la, gouvènman PM Didier Alix Fils Aimé an siyen e pibliye yon dekrè sou minn peyi an .Nan ki sa minn peyi an regade yon gouvèman pwovizwa.? Ki enterè gouvènman pwovizwa nan koze mine, aloske yon grenn misyon li gen : ÒGANIZE ELEKSYON * Aktyèl lwa sou minn yo deranje yo ,yo vle dechèpiye minn nou yo.
    Yon konpayi étranje, meriken san dout, dwe dèyè manèv sa
    Se sèl sa wi nap kite pou jenerasyon ki dèyè yo

Nan tout dosye sa yo se kòb kap fèt sou do pèp la
LAJAN PIBLIK KAP DEPANSE
KEP la sonnen lanbi mobilizasyon an jodya 29 oktob la
Yon KEP ki nan mwens ke twazan pase 3 prezidan .Se toujou yon sel prezidan KEP yo konn genyen
Yon KEP ki chanje dat eleksyon ak menm vitès li chanje prezidan nan mitan l

  • Dapre dekrè élektoral 23 desanm 2025 la dat eleksyon te fikse pou 30 dawou 2026 ki sot pase la
  • Blip yon dekŕè tonbe 2 jyen, dat eleksyon chanje, li fikse pou 14 desanm 2026
  • Mwens ke yon mwa de sa KEP an ranvwaye eleksyon ,li pa di ki mò ki tchwe lanperè
  • li di l ponko ap fè eleksyon.Tout kandida nan chita tann,nan kalkile.
  • Solèy finn kouche depi lontan ,fè nwa kou koukou preske nan lannwuit yè mèkredi 28 pou leve jedi 29 oktòb la KEP san li pa voye okenn nòt ni eksplikasyon, lage yon nouvo kalandriye nan figi pati politik yo ,kandida yo ak elektè yo: setfwasi dat eleksyon an fikse pou 18 jiyè 2027.

Donk nèg ap dekoupe kòpyèz, yap chanje, yap lonnen, yap ralonje, yap mayi moulen kò yo yon jan pou yo donnen
Konsa rive mwa mas- avril 2027 kandida tout nivo pi fò regwoupman yo ap déjà rann fyel yo.
Kandida regwoupman pouvwa an ap mennen yo menm
Se Regwoupman Viktwa ki pral kontinye misyon likidayon nasyon an nan aplike kontra rakèt yo e aplike dekrè rakay pou vole résous minn nou yo Bèl ranmasay pral fèt, kon yon pèch zangi nan lannwuit nan anbouchi ti Bouk Oboy .
Lajan leta, aparèy leta,pèsonel imen leta, lojistik leta….ki sa pou l ta ye ankò.?
Nan lanwuit yè 28 pou leve jodya 29 KEP an konnen lanbi an
Jodi 29 oktob sa se dat pou konsètasyon brase nan tout kwen peyi an
Pou yo pran yon nivo pi wo pou nou rive débarase peyi an de gouvènman bons à rien sa ak KEP Magouyè.SA ki kwoke nan gòj peyi an.

KEP la fikse dat la
Pa gen fè bak
Mobilizasyon an lanse jodya 29 oktob san pran souf,san kanpe pou twò ta pa bare nou.

Konvansyon Souverènn 2054

29 oktòb 2026

Rony Mondestin
Fritz Charles

Source : 🗞️Konvansyon Souverènn 2054 ( Rony Mondestin et Fritz Charles )
Illustration :©️
©️Tous droits réservés aux auteurs.–

  Antenne 509 | A509
©️PLUS QUE L’INFORMATION !

Shares:
Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *