Éditorial

Sosyete a t ap kontan anpil si ta gen yon rapò Sou Direksyon Normil Rameau kòm Direktè Jeneral PNH (19 jen 2024 – 8 dawout 2025)

©️ A509 | Sosyete a t ap kontan anpil si ta gen yon rapò Sou Direksyon Normil Rameau kòm Direktè Jeneral PNH (19 jen 2024 – 8 dawout 2025).

1. Eta jeneral PNH pandan manda a

– Konbyen komisarya ki te fonksyone nòmalman ?

– Konbyen ki te fèmen, swa akoz menas gang, mank lojistik oswa degradasyon ?

2. Resous lojistik

Materyèl resevwa (zam, machin, minisyon, ekipman kominikasyon…)

Materyèl pèdi oswa detwi : anba atak, aksidan, neglijans

– Nivo entèvansyon entènasyonal oswa soutyen etranje

3. Rezilta operasyonèl

Chef gang arete / elimine

Gwo pwason arete (nivo nasyonal oswa entènasyonal)

– Konbyen chef gang ki kontinye opere san pinisyon?

– Zòn ki te rekipere vs zòn ki tonbe nan men gang

4. Resous Imèn

– kantite polisye ki rekrite pandan manda a

Polisye ki mouri, blese oswa ki kite fòs lan

– Eta moral ak kondisyon travay ajan yo

5. Estrikti ak Gouvènans

– Kijan estrikti entèn PNH te fonksyone :

– Èske gen plis disiplin, kominikasyon, transparans ?

– Oswa, èske li te vin pi dezòdone ?

Zafè kontra :

– Kontra logistik, kontra sèvis, achte zam…

– Èske sa te fèt ak transparans ?

– Èske gen prèv koripsyon oswa gabji ?

6. Defi ak Opòtinite

Gwo difikilte :

– Mank mwayen ?

– Entèferans politik ?

– Menas sou lavi pèsonèl ?

Gwo avantaj :

– Kolaborasyon entènasyonal

– Sipò nan sektè prive / popilasyon

– Inisyativ oswa estrateji ki te mache

7. Rekòmandasyon ak analiz pèsonèl

– Ki leson li tire ?

– Kisa li ta konseye pwochen DG a ?

– Ki vizyon li sou avni PNH la ?

👉🏼 Si ansyen DG Normil Rameau ta mete tout sa yo nan yon dokiman piblik, sa ta ede:

– Mete verite ak klarifikasyon sou direksyon li

– Bay nasyon an vizyon klè sou sa ki fèt ak sa ki pa fèt

– Fè kontwòl kalite sou fonksyònman PNH la

✍️_JM, 10 dawout 2025_

Illustration : ©️ Vant bef info

©️ Antenne 509 | A509

©️ PLUS QUE L’INFORMATION !

©️ Août 2025

Shares:
Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *